Error loading page.
Try refreshing the page. If that doesn't work, there may be a network issue, and you can use our self test page to see what's preventing the page from loading.
Learn more about possible network issues or contact support for more help.

Suzette ak Chat Yon Sèl Grenn Je a

Audiobook
1 of 1 copy available
1 of 1 copy available

Èske w ap chèche yon fason pou apwoche sijè adopsyon an ak pitit ou? Men, yon fason ki inik. Yon ti fi yo te adopte te deside pou li vwayaje pou premye fwa an Ayiti pou l al rankontre ak fanmi matènèl li yo. Paran adoptif li yo te akonpanye l, men li te pè anpil.

Poukisa paran matènèl li yo pa t kenbe l?

Èske li te genyen kèk pwoblèm?

Èske se paske li te tèlman diferan ki koz yo pa t kite l rete ak yo an Ayiti?

Kijan de moun yo ye?

 

Pandan li rive nan vilaj kote li te pran nesans lan, li te fè anpil eksperyans. Li rankontre frè ak sè li yo ak yon chat ki te genyen yon sèl grenn je. Rankont li ak chat la te enpresyone l anpil e sa te atire lespri l anpil tou. Istwa l ak chat la te tèlman dire lontan nan lespri l pou Suzette se sa a ki te kle vwayaj la.


Vin swiv Suzette nan avanti sa a pou l jwenn tout verite ki andedan fon kè l.

 

Avèk anpil eksplikasyon, ak yon langaj fasil, liv sa a touche sijè adopsyon ak tout santiman yon timoun ka santi lè li rankontre fanmi matènèl li.

Li se yon bèl liv sipò, pou paran adoptif yo, oswa yo ka itilize l nan lekòl pou pale timoun yo de diferan kalite fanmi ki egziste.

Formats

  • OverDrive Listen audiobook

Languages

  • Haitian; Haitian Creole

Loading
Check out what's being checked out right now OverDrive service is made possible by the OCLN Member Libraries and the Massachusetts Board of Library Commissioners with funding from the Institute of Museum and Library Services and the Commonwealth of Massachusetts.